Les Bases de l’Informatique

Definisyon Enfòmatik

Enfòmatik se syans ak teknik ki konsène itilizasyon òdinatè pou trete enfòmasyon otomatikman.

An tèm senp
Enfòmatik se tout sa ki pèmèt nou kreye, estoke, òganize, analize epi pataje enfòmasyon avèk òdinatè, telefòn, sèvè, elatriye.

Sa enfòmatik kouvri

  • Òdinatè ak aparèy dijital (PC, Telefòn, Tablèt, elatriye … )

  • Pwogramasyon (Kreye lojisyèl ak aplikasyon)

  • Bazdone (estoke enfòmasyon)

  • Rezo ak Entènèt

  • Sekirite enfòmatik

  • Entèlijans atifisyèl

  • Lojisyèl biwo (Word, Excel, elatriye)

Egzanp nan lavi chak jou

  • Lè w ap itilize WhatsApp

  • Lè w ap fè Tranzaksyon nan bank

  • Lè w ap enprime ak òganize done nan yon biznis

  • Lè w ap devlope yon aplikasyon oswa sit entènèt

An rezime 

Enfòmatik = enfòmasyon + otomatik + teknoloji